Job 002
- Kote: Saint-Marc, Ayiti
- Orè: Lendi jiska Samdi,
- Salè: 15,000 HTG pa mwa
Deskripsyon Travay
Nou ap chache yon kizinyè ki gen pasyon pou kwit manje epi ki kapab aprann nouvo resèt epi egzekite yo san fot. Moun sa dwe serye, òganize, epi toujou ponktyèl
Responsablite
- Aprann epi egzekite nouvo resèt ak presizyon
- Prepare ak kwit manje selon estanda ki fikse yo
- Asire kwizin lan rete pwòp epi òganize
-
Kominike ak ekip la sou WhatsApp pou bon kowòdinasyon
- Asire tout manje prepare nan bon lè epi ak bon jan kalite
Kondisyon
- Fòk ou pare pou aprann nouvo resèt epi egzekite yo san erè
- Fòk ou kapab itilize WhatsApp
- Fòk ou se yon moun òganize epi ponktyèl
- Eksperyans nan kwit manje se yon avantaj, men se pa yon obligasyon
- Bonjan disiplin ak kapasite pou travay endepandamman
Pou Aplike: voye yon message WhatsApp bay Senmakayiti.com avèk kòd job la. Voye photo CV ou you. Pa bliye ajoute numéro referans
Si ou enterese epi ou ranpli kondisyon yo, aplike sou Senmakayiti.com kounye a.
Nou ap tann aplikasyon w lan.