Job 001

Tit Travay: Pwofesè Lekòl Segondè (Plizyè Matiè)

Òganizasyon: (Contakte pou plis enfo) 

Sou Nou

Nou  se yon òganizasyon non-gouvènmantal ki konsantre sou amelyore aksè ak kalite edikasyon nan kominote ki pa byen desèvi. Nou travay kole kole ak patnè lokal pou soutni devlopman akademik ak pèsonèl elèv yo nan Saint-Marc, Ayiti. Nou kwè edikasyon se yon zouti pwisan pou kreye chanjman dirab.


Rezime Pozisyon

Nou ap chèche Pwofesè Lekòl Segondè ki gen pasyon ak devouman pou rantre nan ekip nou an, pou anseye elèv lekòl segondè nan Saint-Marc. Wòl sa a mande pou w prepare epi prezante leson ki enteresan, evalye pwogrè elèv yo, epi kreye yon anviwònman aprantisaj ki ankourajan. Matiè yo kapab Matematik, Anglè, Syans, Etid Sosyal, elatriye. Nou bezwen moun ki kwè nan travay ann ekip, kreyativite, epi ki gen respè pou divèsite kiltirèl.


Responsablite Kle

  • Devlope ak aplike plan leson ki ann amoni ak kourikoulòm nasyonal la oswa lòt estanda edikatif.
  • Anseye plizyè matyè pou nivo segondè, asire leson yo entèaktif, enklizif, epi adapte pou diferan jan elèv aprann.
  • Fè tès, egzamen, pwojè, ak lòt mwayen evalyasyon pou mezire pwogrè elèv yo.
  • Kenbe dosye prezans ak rezilta elèv yo avèk presizyon.
  • Kolabore ak lòt pwofesè, anplwaye lekòl la, ak reprezantan ONG a pou pataje resous ak ranfòse metòd ansèyman.
  • Kominike regilyèman ak paran oswa responsab elèv yo sou pwogrè, enkyetid, oswa reyalizasyon elèv yo.
  • Patisipe nan atelye, fòmasyon, ak lòt evènman kominotè ONG a òganize.

Kalifikasyon

  • Diplòm Bakaloreya (Bachelor’s degree) nan Edikasyon oswa matiè w vle anseye (obligatwa).
  • Sètifika ansèyman valab (sitou si disponib).
  • Eksperyans anseye lekòl segondè (plis pase 1 ane de preferans).
  • Bon kapasite pou kominike ak moun, respekte divèsite kiltirèl, ak fleksibilite pou adapte w ak kondisyon lokal.
  • Fwansè oswa Kreyòl Ayisyen obligatwa; konesans Anglè se yon atou.

Sa Nou Ofri

  • Salè lokal konpetitif selon eksperyans ak kalifikasyon.
  • Oportunite fòmasyon ak devlopman profesyonèl kontinyèl.
  • Anviwònman travay ki ankouraje misyon nou, kote ou kapab fè yon vrè diferans.
  • Oportunite pou patisipe nan aktivite kominotè ak echanj kiltirèl.

Kijan Pou Aplike 

Moun ki enterese ta dwe voye dokiman sa yo pa imèl: 

  1. Lèt Motivasyon ki eksplike enterè w ak kalifikasyon ou.
  2. Rezime/CV ki fè lis eksperyans .
  3. Non ak enfòmasyon kontak de referans profesyonèl.

(Kontakte Senmakayiti pou ou ka aplike. Mete kod Job la nan mesaj la) Klike La